Palman an nan peyi la Syèd Mèkredi (22 Mas) la fòmèlman apwouve pwojè-lwa ki pou pèmèt peyi a rantre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la. Yap kapab antre nan alyans la apre lè aplikasyon an ta jwenn ratifikasyon tout 30 manm LOTAN yo, yon pwosesis ki toujou ap ret tann pou ale nan dènye etap li.
Dapre sa medya leta Kore di Nò a rapòte lendi 20 mas la Kore di Nò fè konnen apreprè 1.4 milyon sitwayen ofri tèt yo kòm volontè pou yo rantre nan fòs militè nasyon an pou goumen kont Etazini.
Samsung Electronics Co Ltd di nan dat 15 mas ke li pral envesti apreprè 230 milya dola an 2042 pou pita, pou devlope sa gouvènman an rele pi gwo baz nan mond lan pou fabrike semi-kondiktè, nan kad yon efò pou amelyore endistri semi-kondiktè a nan Kore di Sid.
Pòtpawòl ministè defans Larisi, Igor Konashenko, di Mèkredi 15 Mas la ke yon dronn Ameriken ki te enplike nan yon ensidan madi 14 Mas la ak avyon de gè Ris te mete tèt nan direksyon fwontyè Ris la anvan li tonbe nan Lanmè Nwa a.
Meta Platforms, konpayi ki se paran rezo sosyal Facebook ak Instagram, di Madi (14 mas) li pral elimine djòb 10,000 anplaye, e se dezyèm fwa pou ane a ke konpayi an fè rediksyon masif konsa nan estaf li.
WASHINGTON/KYIV, 7 mas (Reuters) - Dapre sa jounal New York Times rapòte, enfòmasyon ke responsab sèvis ransèyman Ameriken te revize montre ke se yon gwoup ki anfavè Ikrèn ki te sabote tiyo Nord Stream ki te konn pote gaz natirèl soti nan peyi Larisi pou ale ann Ewòp.
18 fevriye (Reuters) - Ayiti ranpòte match li alèz, alèz devan ekip Senegal la 4 a 0 nan match faz eliminatwa pou kalifikasyon pou koup du mond fanm yo ki gen pou jwe nan la Nouvèl Zeland ak Australi.
Load more