Accessibility links

Breaking News

Lafrans: Macron di “Nou Dwe Evite Eskalade Tansyon nan Mwayenn Oryan an”


French President Macron visits schools in Paris
French President Macron visits schools in Paris

Prezidan Emmanuel Macron di Lendi 15 Avril la Lafrans pral fè tout sa li kapab pou evite konfli ant Izrayèl ak Iran an ogmante nan Mwayen Oryan an.

Macron di nan yon emisyon BFM TV ak radyo RMC : "Nou pè pou konfli a pa moute nan yon lòt nivo."

Iran lanse plizyè santèn dronn ak misil sou Izrayèl samdi 13 Avril la kòm repons pou sa li sispèk kòm yon atak Izraelyen sou konsila Iran an nan peyi Siri nan dat 1ye Avril pase.

"Nou pral fè tout sa nou kapab pou evite bagay yo chofe pou yo eklate," se sa Macron di, e li ekzòte Izrayèl pou li chache pito izole Iran olye de eskalade sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG