Atak Ame touye yon group moun pou pi piti 12, ak plizyè boule nan direksyon Nò antre kapital la nan sware 29 novanm 2022 a. Renan Toussaint gen detay depi Potoprens.
Ex-Kolonèl Himler Rebu, ekzije swivi nan sanksyon Lèzetazini ak Kanada pran kont sèten polisyen.
Repiblik Dominikèn ki kom prezidan Luis Abinader, deside fè anpil depòtasyon kont migran ayisyen ki ap viv san papye lakay li.
Senatè Patrice Dumond, ki se manm tyè sena ayisyen an mande pouvwa anplas la pote plent kont Repiblik Dominikèn pou vyolasyon dwa moun pa rapò ak sa k ap pase ayisyen k ap viv sou tèritwa dominiken an. Renan Toussaint,depi Pòtoprens
Renan Toussaint pale ak paste Ayisyen Sylvain Exantus sou yon jefo kap fet pou jwen yon ako "unik" anvan fen ane a pou rezoud kriz politik kap trakase Ayiti depi lontan.
Ajans Nasyonzini pou Timoun, UNICEF eksprime ke sote li pa rapo ak sityasyon kolera a an Ayiti, kote yon paket timoun enfekte ak virus la. Renan Toussaint gen detay depi Potoprens.
Chofe nan Potoprens plenyen pou di malgre gaz sipoze rekomanse vann nan ponp yo, yo gen anpil difikilte pou yo jwenn achte. Renan Toussaint te pale ak yo depi kapital Ayisyen an.
Manifestan pran lari Potoprens Vandredi pou pwoteste kont ensekirite, lavichè ak pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon ni. Renan Toussaint te pale ak kèk pami pwotestatè yo.
Komesan yo lanse apel bay Premye Minis Ariel Henry pou'l bese pri kabiran yo ki lakoz yo oblije ogmante pri machandiz yo, e sa afekte lavant yo.
Ayisyen kap viv nan Repiblik Dominikèn plenyen pou fason otorite yo ap depote yo kounyea. Renan Toussaint gen detay sou yon jèn Ayisyen ki rakonte sa li sibi.
Bandi ak zam tire sou machin Anbasad Etazini an Ayiti Lendi, nan yon atak ki afekte lapolis Ayisyen ak machin komesyal tou, dapre yon pòt pawòl anbasad la. Renan Toussaint gen detay depi Pòtoprens.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry anonse yon remaniman nan kabine ministeryel li pandan wiken nan kote li ranplase 2 minis. Renan Toussaint gen detay depi Potoprens.
Korespondan nou Renan Toussaint ba nou detay sou panik ki te genyen maten an nan Kafou Fèy le kout zam te marye.
Reyaksyon yo kontinye sou ogmantasyon pri kabiran an, ke gouvènman an deside pouse pou pi devan ave l. Repotaj Renan Toussaint.
Nan emisyon Twazyèm Mitan Lendi 7 Novanm nan, Avoka Ameriken Brian Concannon te diskite sou sanksyon Etazini pran kont Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue.
Senatè Joseph Lambert ak ex-senatè Youri Latortue reyaji sou sanksyon Lèzetazini ak Kanada pran kont yo. Renan Toussaint gen plis detay depi Potoprens.
Ayisyen ap tann disponibilite pwodwi petwolye yo nan stasyon sevis yo apre lapolis anonse li pran kontwol sant stokaj Varreux a nan men gwoup gang G-9 yo. Repotaj Renan Toussaint.
UNESCO, nan tèt kole ak plizyè asosyasyon medya fè jodi-a yon prezantasyon ki te chita antwot sou sekirite ak respè dwa jounalis. Renan Toussaint te prezan .
Federasyon Entènasyonal Asosyasyon Kontwolè Ayeryen ( IFATCA) mande plis sekirite nan zòn ayewopò Toussaint Louverture akoz yon manm ki viktim zak ensekirite. Repotaj Renan Toussaint.
Lemond kontinye ap denonse zak maspinay kap fèt sou jounalis....Komite pou Pwoteksyon Jounalis kontinye ap fè soti rapò. Plis detay ak Renan Toussaint nan Potoprens.
Load more