Obsèvatè Lig Arab la ap Prepare yon Rapò sou Sitiyasyon an nan Siri

Obsèvatè lig arab ki ale nan Siri ap prepare yon rapò sou sitiyasyon an nan peyi sa a apre yon misyon y ap mennen depi yon mwa

Obsèvatè lig arab ki ale nan Siri ap prepare yon rapò sou sitiyasyon an nan peyi sa a apre yon misyon y ap mennen depi yon mwa pou yo verifye si vrèman vre gouvènman an fè efò pou l aplike yon plan pou l mete fen nan yon operasyon sere-boulon ki fè anpil san koule akoz yon leve-kanpe popilè ki la depi 10 mwa.

Manda misyon obsèvatè yo rive nan bout li e minis afè etranjè Lig Arab la gen pou yo rankontre dimanch k ap vini an pou yo pase an revi dènye rapò obsèvatè yo e deside ki pwochen etap Lig la gen pou l pran.

Youn nan obsèvatè yo di Lavwadlamerik li atann ni aske otorite yo pwolonje travay misyon-an, paske si obsèvatè yo patri, sa kapab kreye yon vid ke yo pa vle. Li ajoute prezans yo nan peyi Siri pèmèt omwen sitiyasyon an pa vin pi grav