Prezidan Afrik di Sid ap Tann Desizyon Pati li sou Sò li

Prezidan Sid Afriken Cyril Ramaphosa pale ak lapres apre li kite rankont Komite Egzekitif Nasyonal Kongre Nasyonal Afriken an (ANC) nan Johanesbourg, Afrik di Sid, Dimanch 4 Desanm 2022.

Prezidan Afrik di Sid, Cyril Ramaphosa te sanble byen rilaks e li te bay blag ak jounalis yo pandan komite travay pati Kongrè Nasyonal Afriken an tap diskite sou avni politik li.

Sò Ramaphosa an je pandan lap fè fas ak apèl pami manm ANC yo ak pati opozisyon yo pou l demisyonenn akoz yon skandal ki gen rapò ak yon gwo som lajan yo te vòlè nan bitasyon li an 2020.

Ramaphosa pat gen dwa patisipe nan rankont pati ANC a ki o pouvwa te fè Dimanch. Rankont sa a dewoule kèk jou apre yon panel palmantè endepandan te pibliye yon rapò ki sigjere misye te vyole lwa anti-koripsyon yo.

Prezidan an demanti li fè anyen ki ilegal.