Accessibility links

Breaking News

Kamewoun: Paul Biya Selebre 40 Ane Sou Pouvwa a


FILE - Cameroon President Paul Biya, seen Oct. 7, 2018, during the presidential elections in Yaounde, marks 40 years in power. Biya, 89, has not been seen in public since July 2022.
FILE - Cameroon President Paul Biya, seen Oct. 7, 2018, during the presidential elections in Yaounde, marks 40 years in power. Biya, 89, has not been seen in public since July 2022.

Dimanch nan Yaoundé plizyè milye sipòtè prezidan Kamewoun Paul Biya selebre 40 an prezidans Paul Biya. Kamewoun Sitiye an Afrik Santral e peyi a ap fè fas a gwo defi politik, sekirite ak ekonomik.

Paul Biya ki pral gen 90 an, se dezyèm chèf deta pi granmoun nan mond lan. Li fe plis tan sou pouvwa a - eksepte pou peyi kote ki gen monachi. Prezidan ki gen plis tan sou pouvwa a se Teodoro Obiang Nguema Mbasogo, prezidan Gine Ekwatoryal ki gen plis pase 43 ane nan tèt peyi a.

Te gen anpil kontestasyon kont setyèm manda Biya an 2018, e li pat vrèman parèt an piblik paske fizikman li parèt febli pandan dènye ane yo.

Plizyè milye sipòtè t'ap rele epi chante kontanman yo, pou selebre 40em anivèsè Paul Biya sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG