Azi

Fwon Komen Japon, USA, Kore di Sid kont Menas Kore di Nò

Reprezantan Espesyal Etazini pou Kore di No Sung Kim, Direkte Jeneral Japon pou Azi ak Zafe Oseyani Takehiro Funakoshi epi Reprezantan Espesyal Kore di Sid pou Lape ak Sekirite sou Preskil Koreyen an, Kim Gunn poze pou foto nan Tokyo, 7 Sept. 2022.

Diplomat Lèzetazini, Japon ak Kore di Sid reyafime mèkredi angajman yo pou yo travay ansanm pou yo reponn ansanm nenpòt ki menas ki ta soti bò kote Kore di Nò –pami menas sa yo gen yon posib nouvo tès nikleyè.

3 diplomat wo-plase ki responsab afè Kore di Nò pou 3 peyi yo, ensiste tou sou efò y ap fè pou ranfòse patenarya yo nan domèn sekirite a. Japon ak Kore di Sid rekonèt nesesite pou yo amelyore kowoperasyon bilateral ak trilateral yo. Rapò ant Tokyo ak Sawoul vin sibi gwo tansyon akoz mezantant istorik ki gen rapò avèk le fèt ke Japon te kolonize preskil koreyen an.

Takehiro Funakoshi, direktè jeneral Biwo Afè Aziatik ak Oseyani nan Ministè Afè Etranjè Japon an, fè konnen atansyon prensipal kowoperasyon trilateral la fikse sou Kore di Nò ak travay ki nesesè pou akselere devlopman nikleyè ak devlopman misil.

Dènye fwa Kore di Nò te fè yon tès nikliyè a (6èm nan) sete an 2017; espesyalis yo fè konnen yo wè siyn ki ta montre Pyongyang ap pare pou l fè yon lòt. Kim Gunn, reprezantan espesyal Kore di Sid pou afè lapè ak sekirite sou Preksik la, lanse apèl pou l mande plis efò pou garanti aplikasyon total sanksyon yo kont Kore di Nò jan rezolisyon Konsèy Sekirite LONU yo mande sa a.