Accessibility links

Breaking News

Ministè Defans Ris Pral Achte dè Wokèt ak Boulèt Kanno Nan Men Kore di Nò

FILE - This picture released April 26, 2019, by North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) shows Russian President Vladimir Putin (R) and North Korean leader Kim Jong Un shaking hands a day earlier prior to their talks on Russky island in th

Ministè Defans ris la ap achte dè milyon wokèt ak boulèt kanno nan men Kore di Nò pandan l ap kontinye goumen nan Ikrèn, dapre sèvis ransèyman Etazini.

Yon otorite ameriken, ki te pale sou kondisyon pou non li pa site, di ayè lendi a ke si LaRisi adrese Kore di Nò, yon peyi izole, sa demontre ke « lame ris la kontinye gen yon gwo mank materyèl nan Ikrèn, an pati akoz kontwòl sou ekspòtasyon yo ak sanksyon yo.”

Otorite yo nan sèvis ransèyman ameriken an kwè ke Ris yo ka chache achte plis ekipman militè nan Kore di Nò nan

lavni. Se journal New York Times ki premye rapòte nouvèl saa.

Otorite amerikenan pa bay detay sou ki valè zam LaRisi vle achte nan men Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG