Etazini Pare pou l Mete Ikrèn sou Ajanda Gwoup G-20 an

Sekrete de Pres Lamezonblanch la Jen Psaki pale pandan yon rankont ak la pres nan Lamezonblanch, Washington, Madi 15 Mas 2022.

Administrasyon Biden nan sanble li pare pou l mete sou ajanda pwochen Somè G-20 an konsekans ekonomik entènasyonal envazyon Larisi a nan Ikrèn e petèt rekonstriksyon Ikren –yon lide ki ka pwovoke plis divizyon nan fowòm ekonomik la.

Sekretè laprès Mezon Blanch la, Jen Psaki, di Lavwadlamerik nan yon konferans pou laprès:

“Se pa nouvo pou yon evennman ki gen efè sou ekonomi mondyal la -tankou sitiyasyon an nan Ikrèn ak envazyon ris la nan peyi a- jwe yon wòl nan fowòm entènasyonal yo. Epi kominote entènasyonal la pral gen pou l patisipe nan relans ekonomik ak rekonstriksyon Ikrèn. “

Nan mwa mas pase a, Prezidan Joe Biden te fè konnen li vle yo wete Larisi nan Gwoup G-20 an (20 pi gwo ekonomi nan lemond yo) epi envite Ikrèn kòm obsèvatè nan somè gwoup la ki pral dewoule nan Bali, nan Endonezi.

Jen Psaki di: “Envitasyon Ikrèn nan gwoup la pa vle di n ap fikse atansyon nou sèlman sou lagè k ap dewoule nan peyi sa a. Men, nou gen pou n rebati Ikren.”

Li raple Ikrèn aplike pou l vin manm Inyon Ewòp la ki, li menm, deja fè pati G-20 an.