Accessibility links

Breaking News

Larisi di Yon Bato de Gè li Sibi Gwo Domaj nan Lanmè Nwa a


Foto Achiv: Bato de ge fos naval La Risi Moskova, ki fe pati flot Lanme Nwa a, jete lank nan po Sevastopol, 11 Sept. 2008.
Foto Achiv: Bato de ge fos naval La Risi Moskova, ki fe pati flot Lanme Nwa a, jete lank nan po Sevastopol, 11 Sept. 2008.

Larisi fè konnen jedi li gen tan deplase tout manm ekipaj yon bato de gè li ki te nan Lanme Nwa a apre yon eksplozyon te pran abo a; sepandan Ikrèn di se li ki te atake bato a avèk misil.

Ministè defans ris la di yon dife pwovoke eksplozyon minisyon abò bato gid misil la ki rele Moskva; men yo te prese etenn dife a epi bato a toujou kanpe sou lanmè a. Ministè a ajoute prensipal zam ki sou bato a pa sibi domaj epi efò ap fèt pou pèmèt bato a retounen nan pò li. Sepandan, gouvènè Odesa a di Ikrèn te lanse 2 misil kwazyè ki al frape batiman an.

Sekretè laprès Pentagòn nan, John Kirby, fe CNN konnen “te gen yon eksplozyon” abò bato a, men “nou poko konnen egzakteman kisa k pase la a. Nou byen okouran te gen yon eksplozyon -omwen yon eksplozyon nan bato a- se yon gwo eksplozyon ki koze bon jan dega sou bato a.”

XS
SM
MD
LG