Biden Pral Kenbe Dat Limit 31 Out Pou Rale Twoup Ameriken Soti Afghanistan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Joe Biden ap pale nan Sal Es Mezon Blanch la nan Washington, Mekredi 18 Out, 2021.

Prezidan Joe Biden fe konnen lap kenbe dat 31 Out li te anonse pou twoup Ameriken yo rale ko yo soti Afghanistan. Desizyon sa a kapab lakoz anpil kritik ke li sede a demann Taleban an ki menase yo pap kite evaksyasyon an kontinye apre dat sa a.


Nan jou ki pase yo, Etazuni ogmante jefo lap fe pou'l evakye moun pa avyon apre nouvel ki fe konnen gen anpil abu dwa moun kap fet. Nouvel sa yo lakoz anpil moun krenn pou Afghan ki pa jwenn mwayen pou yo kouri kite peyi a.

Responsab Depatman Defans Etazuni an, Pantagonn nan eksprime konfyans deske yap kapab evakye pa avyon tout Ameriken ki toujou nan peyi a anvan Madi pwochen. Men gen yon som enkonu etranje ki nan peyi a tou, ki krenn sa Taleban an pral fe le Ameriken yo finn pati.

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson deklare Madi ke G7 la pap rekonet gouvenman Taleban an toutotan militan yo pa garanti tout moun ki vle kite peyi a kapab fe sa.

*Enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press