Chili: Majorite Timoun yo Retounen Lekol

Anpil ti moun lekol nan peyi Chili retounen nan klas, 9 jou aprè gwo tranbleman de tè ak tsunami ki te devaste peyi-a.

Minis Edukasyon Chili-a, Monica Jimenez te akeyi ti moun-yo yè Lendi-a pandan yo tap retounen lekol nan kapital-la, Santiago.

Li deklare 80 pousan nan jèn ti moun-yo retounen nan sal de klass-yo. Men li ajoute gen nan kèk zon bilding lekol ki subi gwo domaj anba tranbleman de tè-a ki te mezire 8.8 sou nechèl riktè-a.