Biden Pral Diskite Imigrasyon ak PM Espay

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Premye Minis Espay Pedro Sanchez nan Madrid, Espay, 28 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden pral fe chita tande ak Premye Minis Espay la Pedro Sanchez jodi, nan moman peyi yo ap kolabore ansanm ak Kanada pou tabli sant nan Amerik Latin kote moun kap chache azil akoz lamize ak zak vyolans lakay yo kapab al aplike pou pwoteksyon.

2 lide yo sipoze diskite tou sou envazyon Larisi nan Ikren, chanjman klimatik ak kek lot kestyon anko.

Jefo Etazini ak Espay ap fe pou kowopere sou pwosesis azil la ap kestyon santral ki pral diskite Vandredi nan Lamezonblanch.

Administrasyon Biden nan ap deplwaye nouvo mezi imigrasyon kounyea ke restriksyon COVID-19 yo kaba.

Chanjman sa yo taka chanje fondamantalan, fason migran yo rive sou fwontye Etazini-Meksik la.