Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ameriken an Pase yon Pwojè Lwa Pou Ranfòse Sekirite Sou Fwontyè a


McCarthy Debt Ceiling
McCarthy Debt Ceiling

Chanm Depite Etazini an apwouve jedi 11 Me yon lwa Repibliken yo te pwopoze pou bare imigran ak anpeche dwòg ilegal travèse fwontyè sidwès ki separe peyi a ak Meksik.

Kounyea a se Sena a kote Demokrat yo gen majorite ki rete pou vote pwojè lwa imigrasyon sa.

Pwopozisyon lwa sa ke Demokrat yo te avèti kòmkwa li pral bloke nan Sena a, ta mete limit estrik sou moun k ap chèche azil epi ekzije pou yo aplike pou pwoteksyon Etazini andeyò peyi a.

Lwa sa ta mande tou pou konstriksyon miray sou fwontyè a kontinye fèt e pou gouvènman federal la fè plis efò pou fè respekte lwa imigrasyon.

Chanm Depite a kote Repibliken yo an majorite vote 219-213 pou pase pwojè lwa sila, san okenn Demokrat pat vote anfavè li, e gen yon Repibliken ki te vote kont li.

Vòt la te fèt anvan Jedi minwi, kote yo ta pwal leve Tit 42 a ki te mete restriksyon sou imigrasyon, yon lwa ke sèvis imigrasyon te kòmanse aplike sou Prezidan Donald Trump an 2020 lè pandemi COVID-19 la te tanmen. Li te pèmèt otorite ameriken yo ekspilse imigran nan Meksik san yo pa gen chans pou yo mande azil, e sete pou rezon sante.

Otorite yo te wè gwo foul imigran gonfle sou fwontyè sidwès la nan dènye jou yo anvan Tit 42 te rive nan bout li.

Pandan ke pwojè lwa Chanm nan pa espère rive nan biwo Prezidan Joe Biden ki ta fè li tounen lwa, gen espwa nan Sena a ke li pral deklanche negosyasyon pou yon refòm total ak patisipasyon 2 pati politik yo, nan imigrasyon e nan sekirite sou fwontyè a nan mwa kap vini yo.

XS
SM
MD
LG