Sekretè Jeneral l-OTAN Jens Soltenberg te nan kapital Tiki a, Ankara, jedi, pou moutre solidarite apre goudou-goudou semèn pase a ki te devaste kèk pati nan Tiki ak Siri.
Minis afè etranjè Tiki Mevglut Cavusoglu ki t ap pale ansanm ak Stoltenberg di jounalis ke l-OTAN kanpe ak Tiki, yon manm l-OTAN, lè gen nesesite.
Li di alyans la pwal santre kounyea sou rekonstriksyon ak sipò pou moun ki pèdi kay yo nan soukous la. Pami efò ke li site yo, l-OTAN pwal tabli lòjman tanporè e transpòte dè milye tant ale nan Tiki.