Manifestasyon nan Pòtoriko pou Egzije Ogmantasyon Salè

Puerto Rico

Anpil manifestan ki pran lari, jwenn ankourajman ak enspirasyon nan men plizyè milye pwofesè lekòl piblik ki pati kite klas yo mwa sa a pou yo mande pi bon salè.

Kantite pwotestasyon yo pa sispann ogmante tandiske manifestan yo pare pou yo komèt dezobeyisans sivil, sa ki reprezante youn nan pi gwo defi Gouvènè Pedro Pierluisi ap konfwonte alòs ke li poko gen yon lane sou pouvwa a.

Gouvènè a resevwa kritik tou bò kote ekonomis yo pou fason administrasyon l nan, ki pa tèlman resevwa lajan nan men Lèzetazini, pral peye pou ogmantasyon li ofri kèk anplwaye e non pa tout anplwaye, nan kad estrateji l ap itilize pou wè si l a mete fen nan pwotestasyon yo.