Nan yon deklarasyon konjwent plis pase 100 gwoup sosyete sivil mande Robert Mugabe, prezidan ki pi gran moun nan lemond la, pou l rale kòl e pou lame Zimbabwe rapidman restore lòd ak respè konstitisyon peyi a. Yon nòt ki sori nan sektè relijye yo ale nan menm sans la kote yo fè apèl pou gen yon tranzisyon ki fèt nan lapè.
Militè yo toujou okipe lari kapital Zimbabwe a, Harare. Plizyè otorite nan rejyon sid peyi Afwik yo te fè yon chita pale sou kriz la nan Botswana ki tou pre a, e plizyè delegasyon ministeryèl deja rive nan Harare pou chita pale ak militè yo e a ak Mugabe
Pati ki sou pouvwa a nan Zimbabwe te fè konprann sou medya sosyal yo prezidan Robert Mugabe ansanm ak tout manm fanmi li nan detansyon depi fen jounen madi 14 novanm 2017 nan kad sak sanble deplizanpli ak yon tantativ pou dechouke lidè peyi Afrik Ostral la sou pouvwa a.
Sepandan, wo responsab nan lame Zimbabwe a di nan kòmansman jounen mèkredi 15 novanm a, sak fèt la , se pa yon "Kou Deta Militè," e ke prezidan Mugabe ak manm fanmi li an sekirite kounye a. Yon pòtpawòl defans peyi a fè konnen yap santre atansyon yo sou moun kap chache kreye dezòd nan peyi a. Ann tande deklarasyon chèf fòs defans imbabweyen an, majò-jeneral S.B Mayo.
"Jeneral Mayo di la a : Nou sèlman ap sible kriminèl nan antouraj prezidan-an ki komèt zak ki debouche sou soufrans ekom=nomik ak soufrans sosyal nan peyi-a, yon fason pou trennen yo devan lajustis. Osito nou finn akonpli misyon sa-a, situasyon-an pral retounen nan eta nòmal li ( nan Zimbabwe).
Jeneral Mayo fè anons sa a apre temwen nan kapital zimbabweyèn nan, Harare, finn rapòte omwen 3 Eksplozyon ak gwo Kout zam nan Kòmansman jodi mèkredi-a. Nan menm lè-a tou, Moun te ka wè veyikil militè ak sòlda nan tout lari, kote yo pran kontwòl medya Leta zimbabweyen an, ZBC.