Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans Gang yo Trakase Vil Fwontyè Meksik yo


Foto Achiv: Polisye ap veye nan zon kote krim te komet nan Tijuana, Meksik.
Foto Achiv: Polisye ap veye nan zon kote krim te komet nan Tijuana, Meksik.

Vil Tijuana ak Mexicali ki sitye sou fwontye Meksik la ansanm ak Rosarito epi Ensenada ap fè fas ak anpil ensekirite akoz aktivite gang yo. Dapre nouvèl yo gang yo mete dife nan machin e yo bloke wout.

Konsila Etazini nan Tijuana pase lod bay anplwaye li yo pou yo "pa deplase jiska nouvèl od" vè minui akoz zak vyolans yo.

Sete twazyèm fwa semèn sa a ke vil Meksikèn yo konstate krim kote yo mete dife nan pwopriyete epi katèl yo tire moun.

Gen 10 machin yo boule nan Tijuana. Majistra Montserrat Caballero blame hing hang ant gang kap fè trafik dwog yo.

Caballero lanse apèl bay katèl yo pou yo "rezoud dèt yo ak moun ki pa peye'w sa yo dwe'w, pa ak fanmi epi sitwayen ki travay di yo."

XS
SM
MD
LG