Accessibility links

Breaking News

Yon Ti Avyon Telegide Ameriken Elimine Lidè al-Kaida nan Peyi Siri a

Imaj sa a ki konsistan avèk rapò ajans nouvèl AP, montre gwoup konbatan Nusra yo k ap deplase pou pi devan pou goumen kont twoup moun lavil Aram ak nèg ame pwo-gouvènman an nan tèt mòn nan Khalsa vilaj, sid Alèp, peyi Siri. 14 jen 2016.

Nan zòn nò peyi Siri, yon gwo tèt al-Kaida ki te patisipe nan mete sou pye atak 11 septanm nan nan New York ak Washington pèdi lavi l.

Yon ti avyon tele gide ameriken te atake zòn kote lide al-Kaida a te ye a. Operasyon sa antre nan kad yon seri nouvo atak Lèzetazini mete sou pye andedan ak nan lantouraj pwovens Idlib la, nan peyi Siri.

Kèk èd tan apre atak sa ki te fèt dimanch 26 fevriye ki sot pase a, jihadis yo te konfime sou plizyè sit entènèt lanmò Abou al-Khayr al-Masri, ki te jwenn nominasyon l ane pase kòm youn nan asistan lidè group teworis la.

Imaj sa ki poste sou paj Twitter gwoup al-Kaida nan Siri ki rele Nusra Front lan, nan dat premye avril 2016, montre militan gwoup teworis al-Kaida yo nan Siri. Yo tap mache nan direksyon vil al-Ais nan Alèp, Siri.

Youn nan pwòch lidè al-Kaida, Ayiman al-Zawahiri, ki te fèt nan peyi Ejip e ki se mari youn nan pitit fi Osama Ben Laden yo, te pèdi lavi li tou. Al-Masri ki te gen 59 an sou tèt li jwenn lanmò li lè yon misil te ateri sou yon ti machin ki tap pote l. Otorite Ameriken yo konfime operasyon sa a, men yo pa di ki moun atak sa te vize direkteman.

Video jihadis yo mete sou entènèt moutre yon machin mak Kia ki gen kat pòt e ki kraze nèt. Videyo a montre tou machin sa arebò yon wout e li gen yon gwo tou sou do li. Se analis Charles Lester ki ekri liv Jihad Siryen an, ki te rapòte an premye nouvèl lanmò al-Masri a.

XS
SM
MD
LG