Accessibility links

Breaking News

Yon Savan Pakistanè Parèt Devan Lajistis Peyi a


Nan Pakistan, gouvènman an pran angajman pou l fè antre nan peyi a yon savan pakistanè, Aafia Siddiqui, ki espesyalize nan kesyon newoloji e ke yon tribinal ameriken kondane pou l pase 86 zan nan prizon poutèt li ta eseye touye manm pèsonèl lame amerikèn nan Afganistan.

Pandan premye minis pakistanè a, Yousuf Raza Gulani, t ap pale vandredi 24 septanm 2010 la devan palman an nan Islamabad, li di li konsidere madam Siddiqui kòm « pitit-fi nasyon an » e li fè sèman pou l ede manmzèl jwenn libète li.

Santans prison a vi sa a pwovoke pwotestasyon atravè tout Pakistan. Nan Karachi, ki se pi gwo vil peyi a e an menm tan vil natal Aafia Siddiqui, lapolis te oblije sèvi ak gaz lakrimojèn pou l anpeche yon gwoup manifestan mache sou misyon konsulè Lèzetazini an.

Manifestan ki t ap chante slogan anti-ameriken, tonbe nan lese-frape ak lapolis tou nan kapital la, Islamabad, nan moman yo t ap eseye avanse sou lokal anbasad amerikèn nan.

Nan mwa fevriye pase a, lajistis amerikèn te jwenn madam Aafia Siddiqui koupab pou akizasyon deske li te eseye komèt asasina, li te komèt vwadfè, ak lòt zak ilegal ankò.

XS
SM
MD
LG