Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Navèt Spasyal Ris Rive nan Stasyon Entènasyonal la


Foto sa a, ke Sevis Lapres Ajans Spasyal Roscosmos la pibliye montre fize Soyuz la ap dekole nan Baikonur, Kazakhstan, 24 Nov. 2021.
Foto sa a, ke Sevis Lapres Ajans Spasyal Roscosmos la pibliye montre fize Soyuz la ap dekole nan Baikonur, Kazakhstan, 24 Nov. 2021.

Yon nouvo navèt spasyal Ris kap transpòte yon modil tou nèf kole kò li sou Stasyon Spasyal Entènasyonal la apre li pase 2 jou ap vwayaje nan lespas.

Nouvo modil sferik la ki rele Prichal (salvedi pon), te kole kò'l ak stasyon an a 6:19 di wa lè Moskou (1519 GMT) Vandredi.

Li gen 6 espèz de pò kote navèt yo ka estasyone, e li pral pèmèt astronòt yo agrandi pati Ris stasyon an.

Modil la kole ak laboratwa syans Ris la Nauka kounyea. Premye navèt Soyuz la gen pou'l rive nouvo pon an 18 Mas, 2022 ak yon ekipaj 3 kosmonòt.

XS
SM
MD
LG