Accessibility links

Breaking News

La NASA Lanse Yon Navèt Nan Lespas Pou Teste Sistèm Defans Kont Asteroyid


SpaceX Falcon 9 dekole ak navèt DART la (Double Asteroid Redirection Test), Madi 23 Nov. 2021.
SpaceX Falcon 9 dekole ak navèt DART la (Double Asteroid Redirection Test), Madi 23 Nov. 2021.

La NASA (Ajans Spasyal Etazini an) lanse yon navèt spasyal nan lespas ki gen kòm misyon pou'l detwi yon asteroyid epi teste pou wè si li ta posib pou detounen yon gwo wòch kap travèse espas rapidman e ki taka poze yon menas pou planèt tè a.

Navèt la rele DART (Doublt Asteroid Redirection Test). Li dekole nan Baz Vandenberg Fòs Lespas Etazini an, ki sitye nan eta Kalifòni.

Si tout bagay byen pase, li va fè kolizyon nan mwad Septanm 2022 ak Dimorphos, yon asteroyid ki mezire 160 mèt de lajè e ki ap deplase ak yon vitès 24,139 kilomèt alè.

Asteroyid sa a pa poze okenn danje pou planèt tè a, men li reprezante yon bon jan sib pou teste potansyalite teknoloji pèfeksyone sa a ki taka sove planèt tè a yon jou.

XS
SM
MD
LG