Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Jij Pral Jere Dosye Asasina Prezidan Moise la


Manm gang 'G9' Jimmy Cherizier yo (alyas Barbecue) kenbe yon foto defun Prezidan Jovenel Moise pandan yon mach pou mande jistis nan Potoprens, Ayiti, 26 Jiye, 2021
Manm gang 'G9' Jimmy Cherizier yo (alyas Barbecue) kenbe yon foto defun Prezidan Jovenel Moise pandan yon mach pou mande jistis nan Potoprens, Ayiti, 26 Jiye, 2021

LES CAYES, HAITI - Yon responsab judisye Ayisyen nomen yon nouvo jij pou jere dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Nominasyon an, ke yo anonse Lendi, vini mwenske yon semenn anvan predesese li te rale ko li e nan moman peyi a goumen pou'l rekanpe sou 2 pye'l apre tranblemannte 7.2 ki frape sit peyi a. Plizye santen moun blese e de milye lot blese.

Se jij Garry Orélien ki gen dosye Moise la kounyea. Orélien ap ranplase Mathieu Chanlatte ki te anonse demisyon ni 13 Out pase a pou rezon pesonel. Li pa bay okenn lot presizyon men demisyon an vini yon jou apre youn nan asistan li yo te mouri anba sikonstans ki poko finn kle.

Marie Rosie Auguste Ducena, pòtpawòl Rezo Nasyonal Ayisyen Defans Dwamoun, bay detay sou rapò RNDDH la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:07 0:00


*Kek nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG