Accessibility links

Breaking News

Rapò Rezo Nasyonal Ayisyen Defans Dwamoun -RNDDH- sou Asasina Prezidan Jovenel Moise la


Sispek ki enplike nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres PNH la, 8 Jiye, 2021.
Sispek ki enplike nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres PNH la, 8 Jiye, 2021.

Marie Rosie Auguste Ducéna, yon pòtpawòl RNDDH ki bay detay sou rapò a, fè konnen polisye ki te responsab sekirite Prezidan Moyiz yo mele jous nan kou nan asasina a.

Rezo Nasyonal Defans Dwamoun (abreje franse RNDDH) pibliye yon rapò apre li fin fè yon ankèt sou lanmò Prezidan Jovnèl Moyiz ki te pèdi lavi li anba men asasen nan kòmansman jounen mèkredi 7 jiyè 2021 pase a.

Marie Rosie Auguste Ducéna, cca, fè konnen polisye ki te responsab sekirite Prezidan Moyiz yo mele jous nan kou nan asasina a. Li site youn nan prezime konplotè yo, Joseph Felix Badio, ki gen avi rechèch dèyè li e ki, daprè rapò a, te pale nan telefòn omwen 2 fwa avèk Premye Minis deziye a, Doktè Ariel Henry, nan matine jounen asasina a.

Marie Rosie Auguste Ducena, pòtpawòl Rezo Nasyonal Ayisyen Defans Dwamoun, bay detay sou rapò RNDDH la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:07 0:00


Menm dokiman an fè konnen direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, te resevwa 2 apèl detrès nan men Prezidan Moyiz; men chèf polis la pa t pran okenn dispozisyon pou l te pote sekou bay lidè ayisyen an. Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la kontakte nan telefòn ni P.M. Henry, ni D.G. Charles; telefòn yo sonnen san repons.

Klike sou lyen ki anba a pou w tande pòtpawòl Rezo Defans Dwamoun nan, Marie Rosie Auguste Ducéna, avèk kèk detay sou rapò RNDDH la.

XS
SM
MD
LG