Accessibility links

Breaking News

Yon konpayi nan Dannmark Kondane Poutet li Vann Ris nan Siri Kerozèn


Yon konpayi nan peyi Dannmark Kondane poutet li vann Ris nan Siri Kerozene
Yon konpayi nan peyi Dannmark Kondane poutet li vann Ris nan Siri Kerozene

Yon konpayi kabiran nan Dannmark ansanm ak prezidan Direktè Jeneral li jwenn kondanasyon

Yo kondane yo dèske yo vann bay fòs aeryen Ris la yon gwo kantite kewozèn. Kondanasyon sa a antre nan kad yon pwosè pou vyolasyon yon anbago peyi oksidantal yo enpoze sou Larisi.

Tribinal vil Odense, kote pwosè a tap dewoule depi mwa oktob pase, fè konnen ke livrezon sayo, se yon vyolasyon objektif sanksyon ewopeyen yo ki sible rejim Prezidan Bachar El-Assad la, dapre vèdik la.

Jijman sa a rekonet koupab konpayi Dan-Bunkering ak syej sosyal Bunker- Holding dèske yo vann 2 antrepriz ris 172 mil ton kewozen ant 2015 e 2017, e kounye a, yo kondane pou peye 4 milyon 600 mil ero.

Gwo kantite kabiran sa a, ki prèske koute 90 milyon ero, enben yo te é livrezon sa a nan peyi Siri pou alimante avyon konba ris ki deplwaye nan peyi a, dapre lajistis nan Dannmark.

XS
SM
MD
LG