Accessibility links

Breaking News

Yon Konferans Entènasyonal ap Dewoule Nan Afganistan Madi 20 Jiyè a


Prezidan Afgan an, Hamid Karzai, pran lapawòl nan yon konferans ki reyini anpil reprezantan peyi donatè yo nan Kaboul madi 20 jiyè 2010 la, pou l di li genyen gwo dispozisyon pou l fè lame ak apolis peyi li pran kontwòl sekirite nasyon an anvan fen lane 2014 la. Misye Kaizai lanse apèl tou pou l mande patnè entènasyonal yo kite gouvènman afgan an genyen plis kontwòl sou asistans entènasyonal Afganistan ap resevwa. Reprezantan plis pase 60 peyi –ladan yo genyen Lèzetazini- ak delege ki sòti nan divès òganizasyon ap patisipe nan konferans sa a k ap dire yon sèl jou. Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, ki pale ak delege yo aprè ouvèti konferans la, fè konnen Lèzetazini jwenn ankourajman nan travay gouvènman afgan an déjà reyalize pou l amelyore bòn gouvènans e konbat koripsyon lakay li; men chèf diplomasi amerikèn nan ensiste pou l di genyen anpil travay ki rete pou fèt toujou.

XS
SM
MD
LG