Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Bloke Tantativ Biden Fè pou Leve Restriksyon Migratwa Tit 42 a


Migran ki te travese rivye Rio Grande a pou antre Ozetazini anba detansyon Gad Nasyonal la ann atandan y ap tann arive ajan Gad Frontye Etazini nan Eagle Pass, Texas, Vandredi 20 Me, 2022.
Migran ki te travese rivye Rio Grande a pou antre Ozetazini anba detansyon Gad Nasyonal la ann atandan y ap tann arive ajan Gad Frontye Etazini nan Eagle Pass, Texas, Vandredi 20 Me, 2022.

Yon jij federal deside Vandredi ke yon lwa ki gen rapò ak sante piblik e ki te antre ann aplikasyon nan kòmansman pandemi COVID-19 la dwe rete ann aplikasyon. Lwa sa a pèmèt gouvènman Ameriken an anpeche migran ki rive sou frontyè peyi a pataje ak Meksik mande pèmisyon antre nan peyi a - pami yo moun ki vle mande azil.

Kisa jij la di?

Jij Robert Summerhays kap travay nan eta Lwizyann pran pa 24 eta Repibliken yo ap dirije ki te asiyen gouvènman federal la pou egzije leta kenbe lwa a an plas. Li di eta yo montre ke yon "menas enpòtan oubyen posibilite pou dega" egziste lakay yo si lwa a anile.

"Dosye jidisyè a gen prèv ki apiye pozisyon eta sa yo kòm kwa yon ogmantasyon nan kantite moun kap travèse frontyè a pral ogmante kantite lajan yo oblije depanse sou swen sante ak sèvis edikasyon," jij Summerhays ekri. "Yo pap janm rekipere depans sa yo.

Kisa Biden ka Fe?

Desizyon jij la vle di Tit 42 pap pran fen Lendi. Administrasyon Biden nan ka ale ann apèl kont desizyon an men 5èm Sikwi Kou d Apèl la, ki tande pwosè nan eta Lwizyann, pran desizyon ki ale kont administrasyon an plizyè fwa deja.

Kisa Tit 42 ye ?

Tit 42 se yon lwa sante piblik ki date de ane 1944 ki bay Sekretè Sante ak Sèvis Imen Etazini an otorizasyon pou'l mete an plas mezi pou anpeche maladi kontajez ki soti nan peyi etranje pwopaje Ozetazini.

Se korespondan VOA sou imigrasyon, Aline Barros, ki ekri vesyon orijinal nouvel sa a ann Angle

XS
SM
MD
LG