Accessibility links

Breaking News

Mayorkas: Etazini Pare pou Leve Tit 42


Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Alejandro Mayorkas ak ajan adjwen patwouy Gad Frontye Anthony Crane pandan yon vizit sou frontye Texas nan vil Hidalgo, Madi 17 Me, 2022.
Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Alejandro Mayorkas ak ajan adjwen patwouy Gad Frontye Anthony Crane pandan yon vizit sou frontye Texas nan vil Hidalgo, Madi 17 Me, 2022.

Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Alejandro Mayorkas deklare Madi otorite Ameriken yo pare pou ogmantasyon kantite migran kap travèse frontyè peyi a pataje ak Meksik, kèk jou anvan anilasyon lod piblik ki rele Tit 42 a. Lwa sa a gen rapo ak sante piblik e li te antre ann aplikasyon anba gouvenman Trump la pou anpeche pwopagasyon kowonaviris la. Li te entedi migran mande azil Ozetazini.

Yon jij federal oubyen Kongrè Ameriken an taka mande pou yo kontinye aplike lwa sa a men Mayorkas rasire piblik la ke ajans li a pare pou fè fas ak sityasyon an.

"Premyèman nap ogmante resous nou sou frontyè sidwès la - pèsonèl, enstalasyon, resous medikal, transpo. Dezyèman nap amelyore efikasite nou pa rapo ak pwosesis pou entevyouwe migran yo san yon pa fe okenn konpwomi ak sekritie ni entegrite mezi ki an plas pou detèmine kiyès ki ka antre nan peyi a," Mayorkas deklare.

Mayorkas te vizite rejyon Vale Rio Grande la nan Texas Madi - ki se youn nan pos frontye kote plis imigran travèse.

Sekretè a di yap travay ak ONG yo tou sou frontyè a.

"Nap travay pou ranfose kapasite oganizasyon non-gouvènmantal ak lokal kap fè fas ak plizyè defi akoz ogmantasyon nan kantite migran kap rive sou frontyè a. Yo jwe yon wol enpotan nan travay nap fè pou leve defi sa yo. Nou rekonèt ke ak fen Tit 42 kapab gen yon gwo ogmantasyon nan migrasyon e nou gen pou ekipe yo ak resous ki nesesè pou fè fas ak defi sa a tou," li deklare.

Mayorkas di Etazini pran dispozisyon pou asire tout migran yo respekte lwa peyi a.

"Nou se yon peyi imigran men nou se yon eta de dwa tou. E nou pral kontinye aplike la lwa," Mayorkas souliyen.

Tit 42 sipoze ekspire 23 Me. Mayorkas di le fet ke yap anile lwa sa a pa vle di frontye Etazini an louvri.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG