Yon kantite moun alg moun poko janm konstate anvan anvayi kot zile nan Karayib la soti depi Pòto Riko pou rive Barbad. Alg sa touye pwason ak lot bèt ki viv nan lanmè yo chase touris e sak pi rèd la yo degaje yon gaz ki swanti move.
Plis pase 24 milyon ton yon alg ki rele sargassum te kouvri oseyan Atlantik la nna mwad Jyen an, sa ki tabli yon nouvo reko. Kantite yo anrejistre a depase pa 20% chif yo te anrejistre an 2018, dapre Laboratwa Oseyanografi Optik Inivèsite Sid Florid la.
Met sou sa, yon dig dal alg mawon ap flote antre nan lanmè Karayib la.
Savan yo di youn nan esplikasyon posib yo se yon ogmantasyon nan tanperati dlo a akoz chanjman klimatik epi angrè a baz nitwojèn ki koule antre nan lanmè a e ki fè alg la miltipliye pi plis toujou.