Yon gwoup imanitè entènasyonal fè konnen yon atak aeryen sou yon kan moun deplase nan sid Somali touye 5 moun e blese plis pase 40 lòt.
Medsen San Fwontyè anonse dimanch l ap trete blese apre avyon te bonbade kan-an ki sitiye nan vil Jilib.
Gwoup la mande tout pati ki enplike nan konfli somalyen an respekte dwa sivil yo e li fè konnen pifò moun ki viktim nan atak la se fanm ak timoun.
Premye rapò yo te fè konnen “bonbadman yo", ki se aksyon avyon konba kenyan, te pran lavi 10 kretyen vivan.