FBI te mennen yon operasyon anba chal kont John Murray Rowe Jr., ki gen 63 lane, moun Dakota di Sid, apre Rowe te jwenn revokasyon-l pou vyolasyon nan regleman sekirite-yo e paske yo te idantifye-l kòm yon posib menas andan ajans-la, dapre otorite federal-yo.
Dapre ankèt-la, Rowe te remèt plis pase 300 imèl bay yon anplwaye FBI degize, ki te prezante tèt-li kòm yon ajan ris an Mas 2020, dapre gouvènman-an. Li te bay detay nan yon imèl sou operasyon kèk djèt militè ameriken, dapre dokiman ki devan tribinal-la.