Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu di yon akò lapè pwovizwa avèk palestinyen yo posib si 2 pati yo paka antann yo sou gwo kesyon ki kontrarye efò lapè yo pandan plizyè lane.
Kesyon tankou: Stati Jerizalem ak dwa pou palestinyen retounen sou teritwa yo aprè yon absans plizyè dizèn lane . Nan yon entèvyou li te bay yon chèn televizyon Izrayelyen, Premye minis Netanyahu mansyone pou la premyè fwa posiblite pou 2 kan yo siyen yon akò lapè pasyèl.