Accessibility links

Breaking News

Yon Panèl Nasyonzini sou Sitiyasyon an nan Siri


Yon Panèl Nasyonzini sou Sitiyasyon an nan Siri
Yon Panèl Nasyonzini sou Sitiyasyon an nan Siri

Yon panèl Nasyonzini k ap mennen ankèt sou lagè ki te dewoule pandan 25 kan ant gouvènman Sri-Lanka a ak rebèl tig tamoul yo fè konnen li jwenn akizasyon kredib sou vyolasyon dwazimen nan tou 2 kan yo.

L'ONU pibliye yon rapò sou kesyon an lendi 25 avril 2011 la konsènan faz final konfli a ki te rive nan bout li an 2009.

Pami akizasyon sa yo, panel la di sòlda gouvènmantal te itilize obi san gade dèyè nan rejyon Vanni an, kote li te detwi lavi sivil pa bann e pa pakèt.

Rapò a fè konnen tou anviwon 330 mil kretyen vivan e bloke nan mitan konba yo, Rebèl tig tamoul yo, ki te refize libere yo, te itilize sivil sa yo otaj oubyen bouliye imen.

Panèl 3 manm Nasyonzini an ke ansyen pwokirè jeneral endonezyen Marzuki Darusman, t ap dirije, rekòmande nan dokiman 195 paj la pou gouvènman Kolombo men-nen pwòp ankèt pa l sou akizasyon yo.

XS
SM
MD
LG