Accessibility links

Breaking News

Yemen: Referandòm Sou Yon Nouvo Konstitisyon


Prezidan Yemen nan Ali Abdullah Saleh
Prezidan Yemen nan Ali Abdullah Saleh

Nan peyi Yenmen , Prezidan Ali Abdullah Saleh pran angajman pou l òganize yon referandòm sou yon nouvo konstitisyon.

Nan yon diskou ki pase sou televizyon jedi 10 mas 2011 la, Mesye Saleh deklare nouvo konstitisyon an ap garanti separasyon pouvwa lejislatif la ak pouvwa egzekitif la.

Prezidan an ajoute referandòm nan kapab dewoule nan fen ane 2011 la .

Mesye Saleh pran angajman tou pou l satisfè yon demand-kle manifestan anti-gouvènmantal-yo fè pou yo jwe yon pi gwo wòl nan gouvènman-an ki chaje ak alye mesye Saleh.

XS
SM
MD
LG