Accessibility links

Breaking News

Ewòp-Imigrasyon: Lafrans Kritike Itali- Wòm Reponn Kif-Kif


Migran ki t ap kite bato gadkòt italyen "Diciotti" pou yo deebake nan pò vil Catania, ann Itali.
Migran ki t ap kite bato gadkòt italyen "Diciotti" pou yo deebake nan pò vil Catania, ann Itali.

Otorite yo nan Itali konvoke anbasadè fransè a nan vil Wòm byen bonè mèkredi pou l reponn kesyon sou deklarasyon kote Prezidan Emmanuel Macron ta denonse gouvènman italyen an poutèt li te refize resevwa plizyè santèn imigran ki te rive abò yon bato sou kòt Itali.

Prezidan Macron te di dwa entènasyonal fè Itali obligasyon pou l te kite imigran yo debake sou tèritwa li. Pi fò nan imigan sa yo si sitwayen peyi ki sitiye anba Sahara affriken an. Sanble prezidan fransè a te fè deklarasyon pandan dewoulman yon konsèy dè minis.

Daprè pòtpawòl gouvènman fransè a, Benjamin Griveaux, Prezidan Macron te di nan deklarasyon li a: "Gen yon ti kras sinism ak mank sans de responsablite nan konpòtman gouvènman italyen an pou sa ki gen rapò avèk sitiyasyon imanitè trajik sa a."

Yon bato gadkòt Italyen ki te pwoche bò batiman ONG fransè "SOS Mediterranee" Aquarius, nan moman imigran yo t ap kite batiman òganizasyon imanitè a, nan Lanmè Meditèrane a, pou yo te monte sou bato italyen an (Madi 12 jen 2018).
Yon bato gadkòt Italyen ki te pwoche bò batiman ONG fransè "SOS Mediterranee" Aquarius, nan moman imigran yo t ap kite batiman òganizasyon imanitè a, nan Lanmè Meditèrane a, pou yo te monte sou bato italyen an (Madi 12 jen 2018).

Nouvo minis enteryè italyen an, Matteo Salvini, ki te pran lapawòl mèkredi devan sena a nan vil Wòm, deklare: "Lafrans ta dwe resevwa lakay li yon pi gwo kantite imigran pase kantite li deja resevwa. Macron dwe sonje ke aksyon vo plis pase pawòl nan bouch." Bò kote pa l, minis komès italyen an, Giovanni Tia, anile yon rankont li ta pral fè mèkredi avèk kòlèg fransè li a.

Anfen, Wo Komisè Nasyon Zini pou Refijye a, Filippo Grandi, bay yon konferans pou laprès mèkredi nan vil Jenèv, an Laswis, kote li di Itali pou kont li pa dwe resevwa tout blam nan pou sitiyasyon dramatik sa a, paske lòt peyi ki sou kontinan ewopeyen ak nan rejyon Meditèrane a ta dwe fè plis efò pou yo pataje fado a.

XS
SM
MD
LG