Accessibility links

Breaking News

Ejip pa Vle Nasyon Zini Vote pou Izrayèl Sispann Kontrui sou Teritwa Palestinyen yo


Yon drapo Izraelyen tou pre West Bank zòn jwif yo nan Maaleh Adumim, katye Jerizalèm nan peyi Izrayèl. (Foto: 7 septanm 2009)
Yon drapo Izraelyen tou pre West Bank zòn jwif yo nan Maaleh Adumim, katye Jerizalèm nan peyi Izrayèl. (Foto: 7 septanm 2009)

Ejip mande Nasyon Zini pou l ranvwaye “san di pou ki lè” yon vòt ki sou pwogram li pou jounen jedi 22 desanm 2016 la konsènan yon rezolisyon ki vle pou Israel sispann bati koloni sou teritwa palestinyen.

Konsèy Sekirite l ONU an konsidere desizyon pou Israel ta sispann konstriksyon sa yo kòm “esansyèl pou sove solisyon 2 eta a”, ki ta wè Israelyen ak Palestinyen ap viv kòt-a-kòt nan lapè.

Rezolisyon an fè konnen tou koloni pèpleman ki la yo pa gen “okenn legalite” e ke se yon “vyolasyon klè” lalwa entènasyonal.

Prezidan eli Donald Trump ak premye-minis israelyen Benjamin Netanyahu te ekzòte administrasyon Obama a pou l poze veto sou rezolisyon l ONU an kont konstriksyon koloni pèpleman sou teritwa palestinyen okipe.

XS
SM
MD
LG