Accessibility links

Breaking News

Moskou Di tout Sanksyon Washington Vle pran Kont Larisi ap Gen Move Konsekans sou Rapò ant 2 Kapital yo


Building Spasskaya ak miray Kremlin nan sant Moscow, 5 me 2016.
Building Spasskaya ak miray Kremlin nan sant Moscow, 5 me 2016.

Vis-minis afè etranjè ris la, Sergey Riabkov, di Moskou pare pou l bay Lèzetazini yon repons kif-kif si Washington enpoze nouvo sanksyon sou Larisi poutèt entèferans peyi sa a nan prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.

Vis-minis afè etranjè ris-la, Sergey Riabkov fè konnen Moskou byen kapab bay Lèzetazini yon repons kif-kif kòm reyaksyon aprè Washington montre li vle enpoze nouvo sanksyon sou Larisi poutèt Moskou te cheche mele nan eleksyon prezidansyèl mwa novanm 2016 la Ozetazini.

Chanm dè Reprezantan ameriken an apwouve yon lwa ki bay kongrè a plis pouvwa pou l pase an revi nenpòt ki desizyon Prezidan Donald Trump ta vle pran pou l adousi sanksyon sa yo. Dapre medya leta a nan Larisi, 2èm otorite nan diplomasi ris la lanse avètisman pou l di konsekans sanksyon kongrè ameriken an anonse kont Larisi yo, se gate tout chans pou relasyon ant 2 peyi yo amelyore.

Misye Riabkov ajoute Kremlen te deja lanse avètisman bay Prezidan Trump pou mete l okouran entansyon Larisi genyen pou l bloke relasyon ant 2 peyi yo si kongrè ameriken an vote pou l apwouve sanksyon sa yo.

XS
SM
MD
LG