Accessibility links

Breaking News

Vyolans Nan Pakistan: 8 sòlda ak 12 Militan ta Mouri


Polisye nan Pakistan k ap egzamine sit yon atak nan Matani kot Peshawar nan Pakistan
Polisye nan Pakistan k ap egzamine sit yon atak nan Matani kot Peshawar nan Pakistan

Responsab sekirite o pakistanè yo fè konnen militan taliban atake yon pòs enspeksyon nan pati sid pwovens Waziristan kote yo touye 8 sòlda.

Daprè menm sous la, fòs militè pakistanè yo touye 12 konbatan Taliban pou pi piti nan batay ki dewoule apre atak sa a.

Yon afè de 7 sòlda ta blese nan ensidan an ki dewoule byen bonè jedi 9 jen 2011 la nan yon rejyon kote tribi abite tou prè fwontyè Pakistan ak Afganistan.

Fwontyè lwès Pakistan ak Afganistan reprezante yon bastyon pou militan taliban yo, malgre tout operasyon lame pakistanèz la lanse pou desitire yo nan zòn sa a.

XS
SM
MD
LG