Accessibility links

Breaking News

Vyolans Make Anivèsè Kreyasyon Eta Izrayèlyen an


Vyolans Make Anivèsè Kreyasyon Eta Izrayèlyen an
Vyolans Make Anivèsè Kreyasyon Eta Izrayèlyen an

Sòlda izrayelyen tire dimanch 15 me 2011 la sou palestinyen ki t ap pwoteste tou prè fwontyè Izrayèl ak Siri, Liban ak Gaza. Bilan: 15 moun pou pi piti mouri nan moman manifestan yo t ap pwoteste pou yo make anivèsè kreyasyon Eta Ebre a. Daprè kèk temwen ak otorite nan Liban, sòlda izrayelyen yo touye 19 palestinyen e yo blese plis pase 50 lòt lè yo te ouvè kout-zam sou manifestan yo pou anpeche yo travèse fwontyè Liban an pou yo antre ann Izrayèl.

Nan Siri tou, manifestan te eseye travèse yon kloti ki sou fwontyè peyi ak Izrayèl, pi presizeman nan Montay Golan an ke Izrayèl okipe. Yon otorite siryen ak temwen fè konnen manm lame Izrayèl la ouvè kout-zam, yo touye 4 moun, tandiske yo blese o mwen 45 lòt. Yon lòt kote, manm pèsonèl medikal ak otorite palestinyen deklare konfwontasyon ki dewoule sou fwontyè Izrayèl ak tèritwa Gaza-a --ki anba kontwòl gwoup militan Hamas—lakoz lanmò yon moun pou pi piti, tandiske gen o mwen 60 lòt ki blese.

Daprè menm nouvèl la toujou, andeyò vil Jeruzalèm, sous medikal fè konnen plis pase 100 moun bless lè sòlda izrayelyen te lanse gaz-lakrimojèn ak kout boulèt an kawoutyou, pou yo te gaye yon gwoup moun ki t ap voye wòch sou sòlda sa yo. Se konsa tou, nan peyi Lejip, manm lame a sèvi ak gaz lakrimojèn sou plizyè santèn manifestan ki an favè koz palestinyen yo, tou prè anbasad Izrayèl la.

Palestinyen yo mete tout mouvman pwotestasyon sa yo sou pye pou yo make sa yo rele nan lang arab la “Naqba”, sa vle “jounen katastwòf la”. Se konsa yo rele jou kreyasyon Eta Izrayèl la an 1948, yon evennman ki te pouse fanmi palestinyèn yo mete sou pye yon seri de mouvman leve-kanpe. Nan yon mesaj premye minis izrayelyen-an, Benjamin Netanyahu, fè nan trelevizyon dimanch 15 me 2011la, li fè konnen Izrayèl dispoze defann fwontyè li.

XS
SM
MD
LG