Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Ris la nan New Delhi


Prezidan Ris la Dmitry Medvedev ak Premye-Minis endyen an Manmohan Singh
Prezidan Ris la Dmitry Medvedev ak Premye-Minis endyen an Manmohan Singh

Lidè peyi Larisi ak Lend fè konnen se dyalòg ki dwe rezoud mezantant ki genyen sou sèn entènasyonal la akoz pwogram nikleyè iranyen an.

Nan yon deklarasyon premye-minis endyen an, Manmohan Singh, ak prezidan ris la, Dimitri Medvyedyèf, fè parèt ansanm nan New Delhi, yo di Iran gen dwa pou l chache posede enèji nikleyè.

2 lidè yo anonse tou Lend ak Larisi siyen yon seri de akò kowoperasyon nan domèn enèji, komès ak pwodiksyon e echanj pwodui famasetik.

Chèf gouvènman endyen an ak prezidan ris la pale konsa nan moman misye Medvyedyef kòmanse nan peyi Lend yon visit 2 jou k ap mennen li nan vil Moumbay mèkredi 22 desanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG