Accessibility links

Breaking News

Vizit Minis Trezò Etazini an nan Poloy


Minis trezò Etazini an, Timothy Geither (foto achiv)
Minis trezò Etazini an, Timothy Geither (foto achiv)

Minis trezò Etazini an, Timothy Geither, rive nan Poloy kote li pral fè kèk chita-tande avèk minis finans ewopeyen yo sou kriz dèt zòn ewo yo.

Analis yo di prezans Minis Geithner a se yon prezans eksepsyonèl nan chita-tande Ewopeyen yo, se yon siy ki montre plis kè sote Etazini genyen sou konsekans mondyal Kriz dèt zòn Ewo yo.

Bank santral la dakò pou l bay bank komèsyal ewopeyen yo kèk prè adisyonèl . Bank santral Ewopeyen an di li pral bay Bank zòn ewo yo yon prè sou yon peryòd 3 mwa an kowòdinasyon avek Rezèv Federal Etazini an, Bank Angletè, Bank Japon ak Bank nasyonal peyi la Swiss.

Li di nouvo pré sa yo pral bay bank yo otan dola ke yo bezwen jiska fen ane sa a.

XS
SM
MD
LG