Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, lanse yon avètisman miskle bay Kore Di Nò lendi 17 avril 2017 la kote li di Prezidan Donald Trump gen entansyon itilize fòs militè sizoka sa ta nesesè pou kontrekare menas nikleyè gouvènman Kim Jong Un nan ki kontinye ap ogmante.
Mesye Pence mansyone atak ayeryen sou Siri ak sou Afganistan kòm egzanp pou kore avètisman Lèzetazini an. Vis-Prezidan Pence deklare:
"Nan 2 semèn pase yo sèlman lemond antye kapab remake fòs de frap ak detèminasyon nouvo prezidan nou an atravè aksyon ki sot poze nan Siri ak nan Afganistan."
Mesye Pence ap fè yon vizit nan Kore di Sid nan kad yon toune nan 4 nasyon sou kontinan azyatik la pou ranfòse angajman Lèzetazini pran anvè peyi nan rejyon an kap vin pi volatil jounen jodi a. Rankont sa a se yon fason tou pou jwenn plis apui entènasyonal, dekwa pou mete plis presyon toujou sou rejim Kim Jon Un nan nan Pyongyang, peyi kore di Nò.