Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Pasaje Kaptire ak Videyo Dènye Moman Anvan Aksidan Avyon Nepal la


Moun patisipe nan yon seremoni ak bouji nan memwa viktim yon aksidan avyon nan Kathmandu, Nepal, Lendi 16 Janvye 2023.
Moun patisipe nan yon seremoni ak bouji nan memwa viktim yon aksidan avyon nan Kathmandu, Nepal, Lendi 16 Janvye 2023.

Avyon doub-motè ki fè akisdan nan Nepal la epi touye tou le 72 pasaje abò yo te gen kòm ko-pilòt Anju Khatiwada. Marii li te travay pou menm avyon an epi mouri nan yon aksidan avyon an 2006.

Andedan avyon an, pasaje Sonu Jaiswal tap filme ak telefòn entelijan li desant avyon an kèk segond anvan li te vire a gòch epi tonbe nan yon gwo twou.

Kamera a te kontinye anrejistre son motè a, dife ki te pete andedan avyon an epi lafimen.

Lanmo Khatiwada ak Jaiswal se 2 pami plizyè moun ki mouri nan aksidan avyon nan Nepal, yon peyi ki konstate yon pakèt aksidan pandan ane ki pase yo.

Aksidan Dimanch la se aksidan kote plis moun mouri depi 30 an nan Nepal.

XS
SM
MD
LG