Accessibility links

Breaking News
Azi

Nepal: 72 Pasaje ak Manm Ekipaj Mouri Non Yon Aksidan Avyon


Nepal Plane Crash
Nepal Plane Crash

Nepal ap obsève yon jou dèy lendi, jou apre yon vòl Yeti Airlines te kraze ak 72 pasaje ak manm ekipaj, lè avyon an te soti Katmandu pou ale nan bouk touristik Pokhara.

Dirijan aewopò Kathmandu yo fè konnen yo jwenn bwat nwa a ak bwat ki anrejistre vwa nan kabin pilot avyon 2 motè ATR 72 la. Otorite yo di yo pa te konnen touswit koz aksidan avyon ki touye plis moun depi 3 dizèn lane nan rejyon Himalaya a.

Ajans nouvèl Assciated Press rapòte lendi sekouris jwenn 68 kadav. Yon moun nan zòn nan di Ajans nouvèl la, «flanm dife yo te tèlman cho ke nou pa te ka rive pre kakas avyon an. Mwen te tande yon mesye ki t ap rele pou mande sekou, men akoz flanm dife yo ak lafimen, nou pat ka ede li. »

XS
SM
MD
LG