Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Konfwontasyon ant Manifestan ak Fòs Delòd yo


Fòs sekirite yo kap voye dlo sou manifestan yo pandan yon pwotestasyon kont gouvènman Venezyelyen Pwezidan Nicolas Maduro a nan Karakas, Venezyela,, 22 Me 2017.
Fòs sekirite yo kap voye dlo sou manifestan yo pandan yon pwotestasyon kont gouvènman Venezyelyen Pwezidan Nicolas Maduro a nan Karakas, Venezyela,, 22 Me 2017.

Doktè ak etidyan la medsin desann nan lari kapital Venezuela a, Karakas, lendi 22 me 2017 la nan kad sak pi resan nan yon seri manifestasyon vyolan kap dewoule depi yon sèten tan nan nasyon amerik di sid la.

Manifestan yo te rasanble tou pre ministè sante piblik peyi a pou pwoteste kont mank materyèl medikal. Yo egzije pou gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a ouvè yon kanal pou resevwa èd imanitè, dekwa pou Venezyela kapab jwenn manje ak medikaman. La polis anti-emet te bloke pakou manifestan yo, e yo te itilize kanon dlo ak gaz lakrimojèn pou kwape yo.

Yon manifestan di: "Gouvènman an ap poze zak represyon sou doktè yo tou senpleman paske yap pwoteste pou reklame dwa malad yo. Konbyen lajan yon mamit gaz lakrimojèn koute? konbyen tretman yon pasyan koute? Yo prefere depanse lajan pou achte bonm olye pou yo mete tretman ala dispozisyon malad yo."

XS
SM
MD
LG