Accessibility links

Breaking News

Plis Pase yon Dizèn Moun Blese nan yon Atak Patizan Prezidan Nicolas Madulo yo Fè sou Palman Venezuela a


Palmantè opozisyon an, Armando Armas, ki atè sou vant ap bare tèt li pou l pa viktim plis menas patizan Prezidan Madulo yo ki pran lokal palman an daso. Karakas, Venezuela 5 jiyè 2017.
Palmantè opozisyon an, Armando Armas, ki atè sou vant ap bare tèt li pou l pa viktim plis menas patizan Prezidan Madulo yo ki pran lokal palman an daso. Karakas, Venezuela 5 jiyè 2017.

Nan Venezuela, Patizan Prezidan Nicolas Madulo yo ki gen zam nan men yo pote boure nan palman ki anba kontwòl opozisyon an, mèkredi 5 jiyè 2017 la kote yo atake legislate yo ki te an dedan an e kenbe an otaj plizyè santèn moun nan building nan pandan 9 vèd tan Plis pase yon dizèn moun blese pami yo 5 palmantè. Rès viktim yo se anplwaye Asanble Nasyonal Venezuela a.

Prezidan palman an, Julio Borges, kritike Mesye Madulo pou sitiyasyon an nan peyi a kote yon kriz politik ki la depi plizyè mwa debouche sou pwotestasyon nan lari ki mache avèk zak vyolans ant moun ki an favè gouvènman anplas la ak opozan li yo. Prèske 100 moun deja pèdi lavi yo nan manifestasyon sa yo. Mesye Borges deklare nan laprès:

“ Zak vyolans nan Venezuela yo pote non Prezidan Madulo.”, Nam moman patizan Pezidan Madulo yo ki rele tèt yo “kolektivos” tap pote boure nan chanm lejislativ la nan kòmansman syèj la, moun te ka tande kout zam kap tire ak bri eksplozyon. Anbilans te vin pran 15 moun pou pipiti ki te blese pou pote yo lopital. Kèk ladan yo se palmantè ki te gen san kap koule sou figi yo ak sou rad yo.

Yon sipòtè gouvènman Madula a ki blese e ke fòs sekirite yo tap eskòtè deyò nan zòn Asanble Nasyonal Venezyela a ke opozisyon an kontwole. Karakas, Venezuela.
Yon sipòtè gouvènman Madula a ki blese e ke fòs sekirite yo tap eskòtè deyò nan zòn Asanble Nasyonal Venezyela a ke opozisyon an kontwole. Karakas, Venezuela.

Gwoup ame a te vin kite pale lejislativ la apre sa. Men yo te toujou ansèkle bilding nan. Moun te ka wè tou gad nasyonal Venezuela a kap fè patwouy nan zòn nan, men yo pat fè okenn tantativ pou kwape bandi ame yo oubyen eseye libere moun yo te kenbe ann otaj yo.

XS
SM
MD
LG