Accessibility links

Breaking News

Venezuela Make 20èm Anivèsè yon Kou-Deta Manke Prezidan Chavez


Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez (foto achiv)
Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez (foto achiv)

Nan okazyon 20èm anivèsè yon kou-deta manke Prezidan Hugo Chavez te fè nan ane 1992, --pi presizeman nan dat 6 fevriye 1992-- gouvènman venezuelyen an te òganize yon gwo parad militè dimanch 5 fevriye a.

Pami diyitè ak pèsonalite ki te prezan pou asiste parad sa a, te genyen prezidan peyi Bolivi, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti, epi premye minis Antigua ak Barbouda, La Dominik, Saint Vensent e Grenadin.

Anpil jounal latino-ameriken pale sou yon rankont ki te reyini nan Caracas, toujou o Venezuela kote prezidan divès peyi latino-ameriken ak karayib la te patisipe. Pami yo te genyen prezidan peyi Ekwatè, St Lusi, Surinam ak Ayiti.

Objektif rankont la –ki dewoule sou patwonaj òganizasyon rejyonal ALBA ke prezidan Chavez mete sou pye--- sete pou patisipan yo etidye plan kreyasyon yon nouvo blòk ekonomik.

Gwoup la pibliye tou yon deklarasyon kote patisipan yo apiye pozisyon peyi Ajantinn ki reklame souverènte li sou Zile Malwinn yo, e yo lanse apèl bay La Grand Bretay pou mande l negosye ak Ajantin sou kesyon an.

Nouvèl yo atire atansyon sou lefèt ke anvan fen rankont la, ALBA aksepte 2 nouvo manm: se St Lusi ak Surinam; tandiske peyi Dayiti chwazi pito pou l genyen yon stati obsèvatè nan blòk la.

XS
SM
MD
LG