Accessibility links

Breaking News

O Venezuela: Yon Referendum Kapab Dewoule sou Avni Prezidan Nicolas Maduro sou Pouvwa a


Moun ki te rete an liyn pou yo te verifye si non yo te sou rejis ki nan yon sant done tou prè katye jeneral Konsèy Nasyonal Elektoral Venezuelyen an (CNE), nan Caracas, pandan jounen 20 jen 2016 la.
Moun ki te rete an liyn pou yo te verifye si non yo te sou rejis ki nan yon sant done tou prè katye jeneral Konsèy Nasyonal Elektoral Venezuelyen an (CNE), nan Caracas, pandan jounen 20 jen 2016 la.

O Vezezuela, patizan opozisyon an te rete tann nan liyn pandan byen lontan pandan tout jounen lendi 20 jen 2016 la pou yo verifye si non yo sou yon lis elektoral pou yo ka vote nan yon referandom ki mande pou Presidan Nicolàs Maduro kite pouvwa a. Rejis sa a twouve li nan yon sant done tou prè katye jeneral Konsèy Nasyonal Elektoral Venezuelyen an (CNE), nan Caracas.

Prezidan Peyi Venezuela a, Nicolàs Maduro.
Prezidan Peyi Venezuela a, Nicolàs Maduro.

Lidè opozisyon an repwoche Misye Maduro, yon prezidan sosyalis, le fèt ke, daprè yo, li aplike yon seri de politik ki koze gwo mank manje ak mank medikaman nan peyi a, ki lakoz enflasyon an monte rive disèt wòtè epi yo bay blackout souvan nan yon peyi ki gen petwòl. Elita Villamil, yon venezyelyèn kap viv nan kapital la, Caracas, bay opinyon li nan deklarasyon sa a:

“ Mwen panse plis pase 80 pou san sitwayen venezuelyen yo vle revoke gouvènman sa a; paske, an reyalite, sitiyasyon n ap viv la a, nou pa kapab sipòte l ankò. Nou oblije kanpe nan liyn pou n achte manje..... yon bagay moun pat janm wè anvan o Venezuela. Epi, nap konfwonte gwo pwoblèm ensekirite tou: nou pa kapab kite kay nou, paske moun ka touye nou pou yon telefòn potab, pou yon pè soulye, pou yon pantalon djenn, elatriye. Genyen kidnaping... Anfen, se enkwayab sa nap viv nan peyi isit kòm manman pitit: lè yon timoun fè yon ti sòti, wap priye Bondye pou l fè l retounen sen e sòf pou ou.”

Sitwayen venezuelyen yo genyen jiska vandredi 24 jen 2016 la pou yo verifye si non yo sou lis elektoral la, sa ki ka pèmèt yo vote nan referendum ki gen pou dewoule sou kesyon pou konnen èske Presidan Nicolàs Maduro dwe kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG