Accessibility links

Breaking News

Kowonaviris nan Amerik Latin nan - Jiska Ki Lè Venezuela Pral Kontinye Defye Previzyon yo?


Yon sitwayèn venezuelyèn k ap pwoteste pou ll denonse sali rele "mank sèvis piblik" pou pwoteje popilasyon an kont maladi kowonaviris la. (Karakas, vandredi 22 me 2020).
Yon sitwayèn venezuelyèn k ap pwoteste pou ll denonse sali rele "mank sèvis piblik" pou pwoteje popilasyon an kont maladi kowonaviris la. (Karakas, vandredi 22 me 2020).

Nan Amerik Latin nan, Venezuela, k ap defye tout previzyon ki te fèt pou anonse kantite dega maladi kowonaviris la ta pral komèt nan peyi a, sanble li evite jiska prezan gwo vag enfeksyon ak lanmò yo anrejistre nan lòt peyi nan rejyon Amerik di Sid la. Sepandan espesyalis lasante yo lanse yon avètisman pou yo di menm lè viris ki bay maladi a sanble li pa twò prese pou l gaye nan repiblik bolivaryèn nan (e pi gwo rezon an se le fet ke Venezuela se yon peyi izole), ebyen, espesyalis yo di kantite moun k ap tonbe malad chak jou byen kapab ogmante anvan lontan pou chif la monte rive nan yon nivo ki pral sakaje yon sistèm sante ki te deja trè bankal.

Gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a fè konnen peyi a --ki genyen yon popilasyon anviwon 25 milyon moun-- reyalize tès toupatou sou tèritwa nasyonal la kote kantite ka enfeksyon viris COVID-19 la se sèlman mil 200 avèk 11 moun ki mouri depi otorite lasante yo te detekte premye ka maladi a nan mitan mwa mas la. Ti kantite zwit sa a soulve gwo dout pami kèk obsèvatè k ap poze kesyon pou yo mande èske chif sa yo koresponn tout bon avèk laverite; y ap mande èske pwogram tès gouvènnman an ak teknik li itilize pou l rapòte chif yo, se pa yon pwogram ak yon teknik ki bay estatistik ki chita sou done fo mamit. Se konsa tou gen gwoup analis medikal endepandan ki leve lavwa pou di yo pa kwè Venezuela ta kapab kache verite a si peyi a te anrejistre yon gwo kantite ka enfeksyon ak moun ki ta mouri anba maladi kowonaviris la.

Doktè Gerardo de Cosio- k ap dirije biwo Oganizasyon Pan-Amerikèn Lasante ak OMS nan Karakas nan Venezuela, deklare:

“Si bagay yo te pi mal pase jan sa ye jounen jodi a, nou ta wè plis nouvèl sou sitiyasyon an nan medya sosyal yo. Moun yo ta va ap pale de ogmantasyon kantite ka yo; yo ta va ap pale de lopital ki pa gen plas ankò pou yo mete moun.

O Brezil, yon peyi vwazen Venezuela, jiskaprezan otorite lasante yo anrejistre kòm chif plis pase 270 mil ka enfeksyon avèk preske 20 mil moun ki mouri; tandiske nan Pewou, Chili ak Ekwatè chif yo monte rive plizyè dizèn milye ka enfeksyon. Pou plis presizyon, n ap di plizyè milye moun mouri nan Pewou ak Ekwatè, tandiske se kèk santèn chilyen ki pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG