Accessibility links

Breaking News

Venezuela Absan nan Ouvèti 47èm Asanble Jeneral OEA nan Cancun, Meksik


Prezidan meksiken la, Enrique Pena Nieto, kap salye Oodyans lan akote Minis Afè Etaran Meksik la, Luis Videgaray, pandan seremoni ouvèti 47èm Asanble Jeneral OEA a nan Cancun, Meksik. 19 jen 2017.
Prezidan meksiken la, Enrique Pena Nieto, kap salye Oodyans lan akote Minis Afè Etaran Meksik la, Luis Videgaray, pandan seremoni ouvèti 47èm Asanble Jeneral OEA a nan Cancun, Meksik. 19 jen 2017.

Dosye Venezuela a ap domine aktyalite a nan 47èm Asanble Jeneral OEA nan Cancun, peyi Meksik. Nan ouvèti asanble a lendi 19 jen 2017 la, moun pat remake prezans Minis afe etranje venezuelyen an, Delcy Rodriguez Gomez.

Chanselye Venezuelyen an te absan tou nan reyinyon konsiltasyon 34 minis afè etranjè peyi manm òganizasyon an tap fè sou repiblik bolivaryen nan. Oganizasyon an tap chache yon rezolisyon pou mande Prezidan Nicolas Madulo restore sistèm demokratik la nan peyi a. Yon demand konsa te deja echwe nan mwa me pase nan Washington kote minis afè etranjè peyi manm OEA te reyini nan jefò pou jwenn yon rezolisyon sou kriz politik la nan Venezuela.

Peyi manm yo dakò pou yo kontinye dyalog la yon fason pou ede Venezuela jwenn yon soti pasifik nan kriz la. Lidia Barraza, youn pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an, ki te pale ak Lavwadlamerik di li apiye tout desizyon peyi manm yo nan kad solisyon yap cheche a san li pa ekate posiblite sanksyon kont gouvenman Maduro a si kriz la ap agrave pi plis.

Depite opozisyon venzuelyen Luis Florido fè konnen li apiye yon rezolisyon konsa. Palmante a deklare : “Peyi ki fè absansyon yo gen san venezyelien nan men yo, yo se konplis.

XS
SM
MD
LG